Travayè Swen Kominotè Atravè Peyi a Chwazi 1199SEIU! 

Inyon avèk 1199SEIU bay travayè sante kominotè yo yon vwa efikas pou leve nivo estanda pou pwofesyon nou an ak pasyan nou yo ak kliyan nou yo. Travayè sante kominotè 1199SEIU rive genyen:  

  • Respè!  

  • Sekirite nan espas travay  

  • Swen sante ki pa chè oswa ki gratis  

  • Salè ekitab ak ogmantasyon regilye  

  • Bonjan sekirite travay ak yon vwa nan swen pou pasyan ak sèvis kliyan  

  • Posibilite pou jwenn edikasyon kontini ak fòmasyon gratis 

Yon Istwa ak Misyon pou Fyè  

Sa gen plis pase 80 lane yon gwoup famasyen te fonde 1199 epi kounye a nou reprezante plis pase 450,000 travayè swen sante nan tout Florida, Massachusetts, New Jersey, New York, Maryland ak Washington D.C. 1199SEIU se sendika travayè swen sante ki pi gwo, pi solid nan peyi a. Manm nou yo travay nan chak pati nan endistri swen sante a, tankou sant sante kominotè ak swen adomisil. Se yon misyon ki ap gide nou pou asire bon jan kalite swen sante pou tout moun, ak bon travay ki asire pou moun ki bay swen.  

Travayè Swen Sante 1199SEIU yo Toujou epi te Toujou Nan Kè Jistis Sosyal 

Manm 1199SEIU yo pataje ak klinik sante kominotè yo yon angajman pou reponn ak divès bezwen kèk nan popilasyon ki pi vilnerab nou yo genyen. Soti nan lit pou dwa sivil yo rive nan dwa LGBTQ+, travayè 1199SEIU yo gen yon istwa ki long nan kè mouvman jistis sosyal yo, tankou:  

  • Black Lives Matter   

  • Batay pou $15  

  • Egalite maryaj ak pwoteksyon mendèv LGBTQ+  

  • Dwa Repwodiktif 

“Konsyans Otantik Mouvman Travayè”    

Travayè swen kominotè 1199SEIU yo te fè patenarya avèk òganizasyon kominotè yo pou ranpòte viktwa esansyèl pou pasyan ak kliyan nou sèvi yo. Sa gen ladan l asire genyen bon jan finansman pou swen sante ak elaji aksè ak swen pou kominote yo mete sou kote yo. Depi 1932, angajman nou pran pou yon monn ekitab, an sante, san danje epi ki jis pa janm febli. Se poutèt sa Doktè Martin Luther King te rele 1199 “konsyans otantik mouvman travayè a.”  

Leigh Howard, Social Worker, Callen-Lorde, NY

“1199 se chwa mwen akòz richès ki genyen nan istwa jistis sosyal yo ak devouman kontinyèl yo pou reponn ak bezwen divès kominote.”